Accessibility links

Breaking News

Lide Gang G9 la Mande Demisyon Premye Minis, Minis Jistis Ayiti


Jimmy Cherizier, lide gang G9 la, pale ak manm lapres nan Potoprens, Mekredi 3 Nov. 2021.
Jimmy Cherizier, lide gang G9 la, pale ak manm lapres nan Potoprens, Mekredi 3 Nov. 2021.

Lidè Gang G9 la, Jimmy Cherizier bay yon konferans de près nan Potoprens Mekredi 3 Novanm nan kote misye li an franse yon lèt ouvè "a l'opinion national et international."

Li lanse apel bay Nasyonzuni ak peyi zanmi Ayiti yo, notaman Etazuni, pou yo ede pep la amelyore kondisyon lavi'l.

Cherizier kritike Premye Minis Ariel Henry ak boujwazi a, ke li dekri kom "reyaksyone ak parazit" e li di objektif li se ede moun nan katye defavorize yo viv pi byen.

"Nou bezwen viv an sekirite, nou bezwen travay, nou bezwen bon jan lekol, " Cherizier di manm lapres pandan li tap mennen yo we kijan moun nan bidonvil kote li bay konferans la ap viv. "Nou bezwen gen bon jan dlo potab, nou bezwen gen bon jan univesite, nou bezwen yon peyi ki pa gen korupsyon."

Sepandan, nan yon rapo li fe paret nan mwad Mas ane sa a, Rezo Nasyonal Defans Dwamoun (RNDDH) te rapòte gang te touye plizye moun nan zon kapital la. Dapre rapò RNDDH, ansyen polisye Jimmy Chérizier te nan tèt youn nan gang yo. Nouvèl laprès ak rapò militan dwamoun fè konnen Chérizier gen machin ak ekipman gouvènman an a la dispozisyon li e l ap travay pou l inifye plizyè gang.

Lide gang G9 la site kom rezon ki fe lap ensiste sou demisyon Premye Minis Henry, se akizasyon kom kwa li ta mele nan asasina Prezidan Jovenel Moise la.

"Noumenm lide fos revolusyone G9 an fanmi manyen youn manyen tout egzije iliko demisyon premye minis Ariel Henry," Cherizier deklare. "De plis, youn nan manm kabine li, minis enterye ak kolektivite teritoryal epi minis jistis ak sekirite piblik a.i. a, Lizst Quitel," Cherizier ajoute. Li site kom rezon anlevman yon paste legliz."

Nan yon entevyou ak Associated Press, premye minis la demanti akizasyon deske li ta gen anyen pou we ak asasina a. Nan diskou li pwononse nan gran maten 29 Oktob la, li di li pa ann afe ditou ditou ak gang.

"Gouvènman m ap dirije a pa nan konfyolo ak gang, nou pa nan negosye ak gang, nou pa nan biznis bay gang lajan. Vòlè se an vòlè ou treta sa. Asasen se an asasen ou trete sa," premye minis la deklare.

Cherizier demanti nan konferans de pres li a akizasyon komkwa lap simen dey nan mitan popilasyon an.

"Peyi a pa gen dirijan, se yon peyi ki livre a limenm. Peyi a pa gen premye minis, prezidan asasine - se poutet sa pa gen dirijan. Se yon peyi ki livre a limenm, se poutet sa antanke konpatriyot nap bat pou regle sityasyon sa a."

Misye deklare li ta renmen pou se yon gouvenman sosyete sivil ki ranplase gouvenman Ariel Henry a nan tet peyi d'Ayiti e li chante lwanj diaspora a pou fason li apiye pep la. Cherizier di san diaspora a, sityasyon Ayiti tap pi grav toujou.

"Dyaspora reprezante tout bagay pou peyi d'Ayiti," lide G9 la di la pres. Misye di peyi a bezwen envestisman diaspora a pou pwogrese pi plis.

Sepandan, diaspora a eksprime youn nan pi gwo ke sote li genyen pa rapo ak Ayiti se ensekirite gang yo koze epi kidnapping.

Nan yon entevyou VOA Kreyol fe ak Minis Afe Etranje Claude Joseph nan Washington, nou poze'l kestyon sou Cherizier, ki gen manda d'are Polis Nasyonal Ayisyen kap peze sou do'l, men ki ap sikile libreman e ki menm rive fe sa premye minis la pat rive fe jou fet Dessalines nan - al vizite Pon Wouj.

"Koute, sityasyon gang yo li presede gouvenman du premye minis Ariel Henry. Fok nou ale vè le viv ansanm. Pwoblem enterye sa yo gen anpil enplikasyon. Fok gen yon kolaborasyon ak lapolis pou rezoud pwoblèm nan," Minis Joseph di VOA.

Ansyen Direkte Jeneral PNH la, Leon Charles te lanse yon pinga bay gang yo sa gen kek semenn kote li di lapolis ap trake bandi yo epi lap "rive sou nou."

Jacquelin Belizaire nan Washington ak Yvon Vilnius nan Potoprens, kontribye a repotaj sa a

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG