Accessibility links

Breaking News

Libi: Yon Lòt Atak Fèt sou Prensipal Pò Petwolye Peyi a


Mnaifestan kontinye ao pwoteste kont lidè peyi a
Mnaifestan kontinye ao pwoteste kont lidè peyi a

Temwen nan Libi fè konnen avyon konba atake ankò jedi 3 mas 2011 la prensipal pò petwolye ki nan lès peyi a, an palan Brega, yon jou apre fòs rebèl yo te dechouke nan vil la twoup ki fidèl ak lidè libyen an, kolonèl Moammar Kadhafi.

Fòs opozisyon an te repouse yon seri atak “pa tè e nan lèzè” nan moman eleman k ap apiye Khadafi yo l ap lanse premye atak yo kont rejyon opozisyon an kontwole nan lès nasyon arab la.

Temwen yo di twoup k ap soutni Khadafi yo, abò yon konvwa ki te genyen plis pase 50 veyikil te antre nan Brega--- ki sou yon distans 800 kilomèt nan lès Tripoli.

Yo pat pèdi tan pou pran kontwòl enstalasyon petwòl yo, ayewopò ak enstalasyon ki sou pò a.

Nouvèl aksyon sa a pouse abitan ki fòme milis ki nan vil Ajdabiya ak Benghazi---2 vil ki nan rejyon an---al pran zam AK-47 yo, lans-grenad ak zam anti-tank yo pou konbat fòs libyèn yo.

Fòs opozisyon an lanse yon kont-atak vè midi ki pèmèt yo dechouke twoup k’ap apiye Khadafi yo nan vil.

Dapre doktè yo omwen 12 moun pèdi lavi yo nan afwontman yo. Avyon konba atake tou fòs anti-gouvènmantal yo nan Brega ak nan alantou Ajdabiya--- ki se kote rebèl yo genyen pi gwo depo zam yo.

XS
SM
MD
LG