Rebèl yo sèvi ak tank militè e gwo zam lou lendi 29 mas 2011 la, pandan y ap deplase nan direksyon lwès e nan kad efò yap fè pou yo pran vil natal lidè Mohammar Kadhafi a, an palan de vil Sirte; konsa teren an pare pou yon gwo kokenn batay dewoule nan kad yon mouvman rebelyon ki la depi 6 semèn deja.
Twoup rebèl yo twouve yo sou yon distans 100 kilomèt sèlman ak antre vil la ki chaje ak minn eksplozif ; Sirte se dènye basyon gouvènman an ki ta kapab bloke deplasman rebèl yo nan direksyon kapita la, Tripoli