Accessibility links

Breaking News

Libi: L'OTAN Rekonèt Avyon ki te Atake Rebèl yo pa Erè


Libi: L'OTAN Rekonèt Avyon ki te Atake Rebèl yo pa Erè
Libi: L'OTAN Rekonèt Avyon ki te Atake Rebèl yo pa Erè

Nan Libi, L’OTAN konfime nouvèl ki fè konnen avyon militè li te lanse yon atak ki te kraze kèk tank rebèl yo, tou pre vil Brega, ki nan pati lès Libi jedi 7 avril 2011 la.

Ofisyèl Oganizasyon Trete Atlantik Nò a di sa ki responsab ensidan malere sa a, se konfizyon ki egziste sou teren an nan zòn nan.

Asistan-Kòmandan l’OTAN an, Russell Harding, pale ak laprès vandredi 8 avril 2011 la pou l di fòs alye yo pat janm wè rebèl yo ap opere tank anvan sa.

Daprè lidè rebèl yo, genyen 4 moun ki mouri nan atak sa a.

XS
SM
MD
LG