Konbatan rebèl yo nan peyi Libi k ap pouse pou pi devan nan efò y ap fè pou yo mete fen nan rejim Mohammar Kadhafi a, fè konnen kounyela a yo gen kontwòl kapital la, Tripoli, aprè yo te rive kraze premye liyn defans vil la pou yo antre sou prensipal plas piblik Tripoli a, Plas Vèt la, kote plizyè milye moun ap selebre viktwa opozisyon an. Byen bonè lendi 22 out 2011 la, nouvèl yo rapòte batay ki t ap dewoule tou prè rezidans Kadhafi a, Palè Bab Al-Aziziya, e, daprè lidè rebèl yo, te genyen kèk pòch rezistans anndan e ozalantou kapital la.
Nouvèl yo di tou twoup rebèl yo pat tèlman jwenn gwo rezistans pandan yo t ap sòti nan direksyon lwès pou yo mache sou Tripoli, aprè yo te mete men sou yon baz militè enpòtan ki tou prè vil la. Ann menm tan tou, rebèl yo di yo te voye, pa bato, yon gwoup konbatan ki te nan vil Misrata, pou yo t al okipe kèk pozisyon-kle nan kapital la. Daprè yon pòtpawòl opozisyon an, Kolonèl Ahmed Bani, tout manm gad delit ki te la pou pwoteje Kolonèl Kadhafi yo, yo tout rann tèt yo. Se konsa konbatan rebèl yo te kapab sezi anpil zòn enpòtan nan vil la.
Kolonèl Bani di:
« Se yon gran jou nan Listwa, ni nan Listwa Libi, ni nan Listwa lèzòm. Listwa gen pou di gran pèp libyen an ofri lemond yon gwo kado, ki se fen rejim yon tiran, yon nonm ki te eseye detrui lemond antye, ki te yon ennmi non sèlman pou pèp libyen an, men tou yon ennmi pou tout limanite. »
Nan kòmansman jounen an kesyon t ap poze pou mande ki kote kolonèl Khadafi ye? Moun pa konnen. Men rebèl yo di yo mete men sou 2 pitit gason Kadhafi -pami yo genyen pitit li te deziye kòm siksesè l la, an palan de Seif al-Islam Kadhafi.
Tribinal Entènasyonal Jistis la –ki rele tou Wot Kou Entènasyonal Jistis e ki nan vil Lahè, nan peyi La Oland- konfime anons rebèl yo fè pou di yo arete Seif-al-Islam Kadhafi. Yon avoka k ap travay pou tribinal la, Luis Moreno Ocampo, pale dimanch 21 out pou l di yo ta dwe remèt jèn Kadhafi bay Tribinal Entènasyonal pou yo jije l le pli viv posib. Aprè twoup rebèl yo te rive sou Plas Vèt la nan Tripoli, yo pa t pran tan pou yo chanje non li. Plas la rele kounyela a « La Place des Martyrs » oubyen « Plas Mati yo ».