Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè konnen administrasyon n nan pa pral prese wete nan Afganistan twoup militè ameriken ki nan peyi sa a, aprè yon sòlda lame amerikèn te touye anba bal 16 sivil afgan. Nan yon entèvyou misye Obama bay televizyon KABC yè lendi a nan Los Angeles, li di yon retrè militè ki ta fèt nan prese, pa t ap yon bon bagay. Lidè ameriken an deklare -n ap site:
“San di pètèt, se yon sitiyasyon trajik ki devlope nan wikenn nan. Mwen pale ak Prezidan Karzay; mwen prezante li kondoleyans mwen; mwen di li nou konsidere lanmò sivil afgan yo menm jan nou ta konsidere lanmò moun ki pèdi lavi yo isit Ozetazini. Nan ka sa a, nou pral aplike lalwa nan tout rigè li kòmsadwa. Pou sa k konsène estrateji global nou, pandan n ap kontinye ak lojik tranzisyon an kote se Afgan ki va pran responsablite sekirite peyi yo, li toujou enpòtan pou n chache garanti ke nou pa kouri fè yon retrè ki ta kapab pote plis dezas non sèlman pou Afganistan ak pèp afgan an, men tou pou tout rejyon an e pou pwòp sekirite pa nou."
Daprè sa Prezidan Obama ajoute, twoup militè ameriken yo deja ap fè preparasyon pou yo kite Afganistan anvan fen ane 2014 la. Responsab taliban yo lanse avètisman pou di yo pral pran revanj pou chak grenn afgan ki mouri anba men sa yo rele «sovaj ameriken yo».