Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Byen Akeyi Ratifikasyon Dr. Garry Conille kòm Premye Minis Ayisyen


Ansyen prezidan ameriken an Billl Clinton ak Garry Conille(foto achiv)
Ansyen prezidan ameriken an Billl Clinton ak Garry Conille(foto achiv)

Gouvènman Lètazini an fè konnen li pare pou li travay nan tèt kole ak Premye Minis Garry Conille e ak gouvènman li a nan lide pou fè fas ak defi ijan ki makònen ak rekonstriksyon peyi a.

Nan yon nòt pou laprès anbasad amerikèn nan publiye kèk èdtan apre Sena ayisyen ratifye chwa Dr Conille la, li presize lè ou konsidere le fèt ke 4 mwa pase san palman an pat ratifye yon gouvènman, nou swete ke Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis Garry Conille pral pase alaksyon rapidman pou yo ratrape tan ki pèdi la a pou yo fè yon travay enpòtan, ki se gouvène peyi a.

Selon nòt pou laprès la toujou, Lèzetazini pare pou li travay ak patnè ayisyen li yo pou rayalizasyon objektif sa a. Washington toujou kenbe angajman a lon tèm li pran pou l apiye pèp ayisyen an e ak gouvènman ayisyen an pou rekonstriksyon yon peyi ki pi stab, pi pwospè e pi demokratik.

XS
SM
MD
LG