Accessibility links

Breaking News

Depite John Lewis, Ko-Lidè Mouvman Dwa Sivik la Ozetazini, Mouri. Li te Gen 80 Zan


Depite John Lewis, (D-Ga)., ki t ap kondane deklarasyon Prezidan Donald Trump te fè kont 4 dam ki se manm demokrat Kongrè ameriken an. Depite Lewis t ap bay yon entèvyou sou Kapitòl la, nan dat 16 jiyè 2019.
Depite John Lewis, (D-Ga)., ki t ap kondane deklarasyon Prezidan Donald Trump te fè kont 4 dam ki se manm demokrat Kongrè ameriken an. Depite Lewis t ap bay yon entèvyou sou Kapitòl la, nan dat 16 jiyè 2019.

John Lewis, yon manm chanm bas Kongrè ameriken an, yon pèsonalite ki gen non li makonnen avèk mouvman dwa sivik la, youn nan jeyan konba istorik pou dwa egal Ozetazini, mouri nan fen jounen vandredi 17 jiyè 2020 an. Li te genyen 80 zan. Depi kèk mwa li t ap batay avèk yon kansè nan pankreya ki te deja rive nan staj 4. Li te anonse pèsonèlman dekouvèt doktè yo nan fen ane 2019 la. Se ajans nouvèl Associated Press ki rapòte nouvèl lanmò Depite Lewis la.

Lè John Lewis t ap prezante nouvèl kote li t ap anonse maladi l la, li te deklare:

“Mwen te enplike, nan yon moman oubyen yon lòt, yon batay pou libète, pou egalite, pou dwazimen de baz yo pandan prèske tout egzistans mwen. Men mwen pa t janm genyen pou m livre yon batay ki potre ak batay m ap livre jounen jodi a.”

Si te genyen yon Montay Rushmore pou onore ewo mouvman dwa sivik la, yon moniman espesyal pou selebre konbatan libète vanyan e san pè yo, vizaj John Lewis t ap pami sila yo ke yo ta grave sou wòch la bò kote vizaj Martin Luther King Jr.

Lè Doktè Martin Luther King ta pral pwononse diskou “Mwen gen yon rèv la” nan okazyon Mach sou Washington li a nan ane 1963, John Lewis, ki te genyen 23 zan sèlman e ki te prezidan Komite Etidyan Non-Vyolan yo, te youn nan oratè ki te pran lapawòl pou prepare piblik la pou tande mesaj istorik lidè Mouvman Dwa Sivil la.

XS
SM
MD
LG