Accessibility links

Breaking News

Lèt Sosyete Sivil la Ki Mande Nasyonzini Entèveni Nan Pwosesis Elektoral la


Plis pase yon dizèn òganizasyon nan sosyete sivil la voye yon lèt bay Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, pou mande entèvansyon L'ONI pou fòse dirijan ayisyen yo ranvwaye eleksyon jeneral 28 Novanm yo.

Òganizasyon sa yo site yon rapò Nasyonzini pibliye kote li di periòd eleksyon an kapab prezante nouvo menas pou stabilite ann Ayiti.

Sosyete sivil la fè konnen li pataje kè-sote òganizasyon entènasyonal la ki pè pou lajan dwòg, koripsyon, kontreband ak lòt mwayen finansye louch pa domine kanpay elektoral la.

Kolektif Sosyete Sivil la panse li nesesè pou responsab yo pran dispozisyon ki nesesè pou pote chanjman nan konsèy elektoral la ki daprè yo sibi enfliyan pouvwa an plas la.

Dirijan sosyete sivil la, ki siyen lèt la, di peyi a ap tonbe nan yon kriz politik e sosyal si anyen pa fèt pou revize pwosesis elektoral la.

Dapre lèt la toujou, si eleksyon 28 novanm yo debouche sou yon kriz, se t ap yon echèk pou kominote entènasyonal la k ap apiye efò k ap fèt pou mete stabilite ann Ayiti e rebati peyi a.

Youn nan lidè ki siyen lèt la, Rosny Desroches, reponn kesyon Jean-Robert Philippe.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyou Jean-Robert Philippe ak Rosny Desroches.

XS
SM
MD
LG