Accessibility links

Breaking News

Gwo Presyon Mezon Blanch Pou Lekòl yo Relouvri Pandan Pandemi Kowonaviris la Ap Vale Teren


Depi kèk mwa deja moun pa wè klas konsa Ozetazini, paske kowonavis la fòse lekòl yo ak inivèsite yo prezante kou yo sou entènèt la.
Depi kèk mwa deja moun pa wè klas konsa Ozetazini, paske kowonavis la fòse lekòl yo ak inivèsite yo prezante kou yo sou entènèt la.

Ozetazini, nan moman kantite moun ki trape viris ki bay maladi KOVID-19 la pa sispann ogmante (espesyalman pami jenn yo), La Mezon Blanch ap mete gwo presyon sou lekòl yo toupatou atravè peyi a pou yo relouvri pòt yo. Nan yon seremoni ki t ap dewoule nan jounen madi 7 jiyè a nan La Mezon Blanch, Prezidan Donald Trump deklare –nap site:

“Sa ki sèten, sè ke nou pral fè presyon sou gouvènè yo e sou tout lòt moun ki konsène pou yo relouvri lekòl yo. Sse pou yo relouvri lekòl yo. Se trè zenpòtan.” Fen sitasyon.

Prezidan an te kapab tande vwa yon gwoup moun ki te envite nan seremoni an e ki t ap aplodi deklarasyon l nan. Yon jou anvan sa, Misye Trump te pibliye yon tweet kote l te ekri an lèt majiskil –

“ LEKÒL YO FÈT POU RELOUVRI PÒT YO NAN SEZON OTÒN NAN”.

Pandansetan, Premyè Dam Amerikèn nan, Melania Trump (manman yon jenn timoun ki gen laj pou l frekante lise) te prezan jisteman nan yon tablewonn ki dewoule madi a nan Salon Est Mezon Blanch la sou tem “Reouvèti Lekòl yo Ozetazini”… Li te deklare –nap site l:

“Sante mantal timoun yo ak devlopman sosyal yo dwe reprezante menm priyorite ke sante fizik yo reprezante a.” fen sitasyon.

Doktè William Schaffner, yon pwofesè maladi enfektyez nan Sant Medikal Inivèsite Vanderbilt ki pale avèk Lavwadlamerik, fè konnen –nap site l tou:

“Nou poko konnen repons kesyon sa a: Eske viris KOVID-19 la enfekte timoun vrèman epi y al pase l bay lòt moun? Oubyen èske li difisil pou viris la antre sou timoun? Jiskaprezan etid sou kesyon sa yo ap kontinye.”

Bo kote pa l, Pwofesè John Bailey, k ap travay nan American Enterprise Institute e ki pale avèk Lavwadlamerik tou, fè konnen :

“Mwen panes sa n pral konstate, se yon konfwontasyon ant gwoup paran yo, gwoup pwofesè yo epi gwoup administratè lekòl yo, kote yo tout pral redi pou yo dekouvri ak kisa sekirite ak byennèt tout moun ap sanble nan moman lekòl yo pral relouvri pòt yo nan sezon otòn nan.”

Anfen direktè Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (CDC), Doktè Robert Redfield, ki t ap pale ak laprès nan yon video konferans anvan Prezidan Trump te pran desizyon an, te deklare:

“CDC p at janm rekòmande pou yo fèmen lekòl yo; paske nou pa t santi sa te reprezante yon strateji sante piblik efikas ki te merite pou n mete an aplikasyon.”

XS
SM
MD
LG