Accessibility links

Breaking News

Atak sou yon Lise nan Sid Florid - Daprè Senatè Bill Nelson, Anplis 14 Blese, "Ta gen Mò Tou"


Pozisyon Parkland nan Eta Florid, kote atak la fèt sou Lise Marjory Stoneman Douglas.
Pozisyon Parkland nan Eta Florid, kote atak la fèt sou Lise Marjory Stoneman Douglas.
Lapolis nan Awondisman Broward, tou pre Miami, fè konnen yo arete yon nèg ki te lanse yon atak nan yon lise nan Fort Lauderdale (Lise Marjory Stoneman Douglas). Menmsi detay yo limite, televizyon lokal yo rapòte omwen 14 moun viktikm. Lapolis pa gen detay sou viktim sa yo ni sou ki tip blese yo resevwa.
Senatè Eta Florid la, Bill Nelson, pale ak chèn televizyon CNN pou l di genyen "kèk moun ki mouri", dapre sa sirentandan lekòl la di li (san li pa bay chif).
Prezidan Donald Trump pibliye yon nòt sou kont Twitter li kote li deklare :
"Nou kenbe viktim yo nan priyè nou e ni voye kondoleyans nou bay fanmi yo. Okenn elèv, okenn pwofesè ou pèsonn lòt moun pa ta dwe santi yo san sekirite nan yon lekòl Ozetazini."
Batiman lekòl kote yon atakan ouvè koutzam sou elèv yo nan Fort Lauderdale, touprè Miami, Eta Florid, nan apre-midi jounenn mèkredi 14 fevriye 2018 la.
Batiman lekòl kote yon atakan ouvè koutzam sou elèv yo nan Fort Lauderdale, touprè Miami, Eta Florid, nan apre-midi jounenn mèkredi 14 fevriye 2018 la.
Sepandan Senatè Chris Murphy (Demokrat Eta Connecticut) lonje dwèt sou Kongrè a kòmkwa se li ki ta responsab pou "flewo sa a ki rele fiziyad nan lekòl amerikèn yo." Misye Murphy fè konnen:
<< Si sa rive nan peyi isit, se pa yon konyensidans; se pa paske nou pa gen chans; men se konsekans aksyon nou pa pran. Se nou ki responsab lanmò pa bann e pa pakèt sa yo kap rive nan peyi nou an e ki pa gen prarèy nan okenn lòt kote nan lemond. >>
Nouvèl la raple se nan Eta Connecticut ou jwenn yon lekòl ki rele Sandy Hook Elementary School, kote 20 elev ak 6 pwofesè te pèdi lavi yo nan yon atak ki te fèt nan lekòl la an 2012.
XS
SM
MD
LG