Accessibility links

Breaking News

Pwofil Nikolas Cruz, Atakan Lise Packland la, nan Sid Eta Florid


Nikolas Cruz, jennonm yo sispèk kòm responsab atak ki fè 17 mò nan Lise Packland la, nan sid Eta Florid (3èm atak konsa ki rive Ozetazini pou kantite mò li fè), se yon jennjan ki te malad nan tèt; se konsa responsab lekòl la te mete l deyò pou endisiplin.
Chèf polis Awondisman Broward la, Scott Israel, konfime nouvèl ki di lekòl la (Lise Marjory Stoneman Douglas) te mete Cruz deyò; men li pa konnen tout detay yo.
Victoria Olvera, kap fè reto nan lise a, deklare lekòl la te voye Nikolas Cruz retounen lakay li ane pase a aprè misye te goumen ak boyfriend yon ansyen mennaj li. Yon ansyen kondisip Cruz, Joshua Charo, deklare yo te mete Nikolas Cruz deyò poutèt li te goumen epi yo te jwenn bal nan valiz lekòl li.
Sipè-Entandan Distri Eskolè Broward la, Robert Runcie, deklare li pa t okouran okenn menas Cruz ta poze nan lekòl la; men pwofesè matematik Jim Gard, ki reponn kesyon jounal Miami Herald, fè konnen li sonje yon lè administrasyon lekòl la te distribiye yon kouryèl pou l te mande mèt yo ouvè je yo sou konpòtman Cruz. Pwofesè Gard deklare:
"Ane pase a yo te di nou misye pa t gen dwa monte sou campus lekòl la avèk yon valiz liv sou do l. Li te gen pwoblèm ane pase a paske li t ap menase lòt elèv. Daprè sa m kwè, yo te fin pa mande l kite lekòl la."
Responsab lekòl la di: << Nikolas Cruz se yon manm rezèvis Fòs Fòmasyon Junior la an tan ke yon elèv premye ane segondè; ansuit li t al enskri nan yon lòt lekòl nan Distri Skolè Broward la apre Lise Packland nan le mete l deyò. >>.
Sispèk la pa gen yon dosye nan lapolis ki ta montre yo te arete li deja; men sa gen lontan depi lap poze aksyon ki fè wè li se yon tèt cho. Dakota Mutchler, ki te bon zanmi ak Cruz, di li te konn wè misye trè raman apre lekòl la te mete l deyò sa gen plis pase yon lane..
XS
SM
MD
LG