Minis edikasyon nasyon ayisyen an, Joel Desrosiers Jean-Pierre, konfime nouvèl ki fè konnen lekòl pral ouvè ann Ayiti nan dat 4 oktòb k ap vini an, sètadi, prèske yon mwa aprè dat rantre a te fèt nan peyi a depi kèk ane deja.
Minis Jean-Pierre bay yon konferans pou laprès mèkredi 8 septanm 2010 la kote li fè konnen rantre lekòl la pral koute leta ayisyen anviwon 500 milyon dola ki pral sèvi pou ede papa ak manman elèv yo, ansanm avèk responsab ki la pou administre lekòl yo. Daprè mesye Jean-Pierre toujou, tout sa patap posib san konkou kominote entènasyonal la.
Minis la lanse apèl bay sektè prive a pou l pote patisipasyon n nan efò ki nesesè pou fè fas ak defi lekòl ann Ayiti ap konfwonte aprè tranblemanntè 12 janvye a.
Rotchild Francois Jr. di nou plis sou sijè sa a.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Rotchild Francois Junior.