Lavwadamerik te difize premye pwogram li nan direksyon Lalmay apati yon ti stidyo ki te nan vil New York nan dat premye fevriye 1942. Premye chante radyo a te difize se te youn ki rele Battle Hymn of the Republic --ou Hymne Batay Republik la. Oditè ki tap koute jou sa a te ka tande spikè radyo a, William Harlan, ki tap di :
“Nou pote pou ou yon vwa ki sòti Ozetazini. A pati de jodi a e dezòmè chak jou, nou pral pote ba ou nouvèl konsènan Lèzetazini ak lagè a. Nouvèl yo kapab bon; Nouvèl yo kapab pa bon; men nou va toujou di w laverite."
Se konsa premye emisyon Lavwadlamerik la te pase sa gen 75 zan. Jounen jodi a katye jeneral Lavwadlamerik la, ki te nan New York, twouve l nan Washington. Vè fen 2èm Gè Mondyal la, Lavwalamerik te deja ap prezante pwogram nan 40 lang; pwogram sa yo te gen ladan yo mizik, nouvèl ak enfòmasyon, epi kòmantè.
Sòti ane 1942 rive jodi a, radyo a tounen yon sèvis milti-medya entènasyonal avèk pwogram nan 47 lang pou radyo, televizyon, medya sosyal ak mobil, pou n sita sa yo sèlman.
Pami 47 lang sa yo, genyen Kreyòl Ayisyen an ki sou lèzond Lavwadlamerik regilyèman depi 7 Fevriye 1986, dat kote Sèvis Kreyòl la te kreye apre depa Prezidan Jean-Claude Duvalier sou pouvwa a ann Ayiti. Sa vle di 7 fevriye 2017 la Sèvis Kreyòl la pral selebre 31èm anivèsè fondasyon li. Nap pwofite di tout oditè, tout oditris: Mèsi anpil pou fidelite nou!