Accessibility links

Breaking News

Lavwadlamerik Pale de 25 An Sèvis Kreyòl La


Men yon nòt Lavadlamerik pibliye nan okazyon 25èm anivèsè Sèvis Kreyòl la:

"Anbasadè peyi Dayiti a o Zetazini fè konpliman pou Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, nan jounen lendi a, pou wòl sèvis la jwe nan tranzisyon Ayiti pou l monte wou wout demokrasi pandan 25 ane ki pase yo, e anbasadè a di li konsidere sèvis la - nap site "kòm yon modèl ak yon egzanp pou anpil estasyon radyo ak jounalis ann Ayiti."

"Anbasadè Louis Harold Joseph fè deklarasyon sa yo nan Katye Jeneral Lavwadlamerik la nan moman Sèvis Kreyòl la tap fete anivèsè premye program kreyòl regilye ki te pase sou radyo a nan dat 7 fevriye 1986, menm jou kote rejim Jean-Claude "Baby Doc" Duvalier a te tonbe akoz yon rebelyon popilè.

"Anbasadè Joseph deklare premye pwogram kreyòl la sete "yon siyal klè ki te montre Lavwadlamerik te dispoze akonpaye peyi a nan tranzisyon demokratik li a," e Misye Joseph di li konsidere pwogram Sèvis Kreyòl la kòm "yon boufe lè frèch pou nou."

"Se konsa tou, anbasadè a remèsye sèvis la pou repòtaj li fè sou epedemi kolera a ki fè anpil mò deja e ke pwofesyonèl lasante ann Ayiti ap konbat, e pou wòl li te jwe imedyatman apre tranblemanntè ki te devaste peyi a avèk gwo dega e anpil viktim nan mwa janvye 2010 la. Anbasadè Joseph atire atansyon sou fason Lavwadlamerik ouvè mikwo li bay viktim tranblemanntè a dekwa pou yo kapab fè tande vwa yo."

"Richard Lobo, Direktè International Broadcasting Bureau (Biwo Radyo-Teledifizyon Entènasyonal) bat bravo pou jounalis Sèvis Kreyòl la pou travay san parèy yo fè pou Ayiti nan moman ki difisil, kritik e enpòtan."

XS
SM
MD
LG