Seminè Lavwadlamerik la ap montre patisipan yo kijan yo kapab tounen jounalis sitwayen
Sèvis Kreyol Lavwadlamerik tanmen yon atelye travay 3 jou nan Pòtoprens sou Jounalis Sitwayen. Pandan atelye sa a, 15 patisipan yo ap aprann kijan yo ka itilize telefòn miltifonksyon (Smart phones) tankou iPhone pou fè repòtaj.
Atelye a louvri madi 11 oktob la nan Pòtoprens sou tèm “An nou ankouraje plis ayisyen sèvi ak rezo sosyal tankou Facebook ak Twitter pou fè entèaksyon, enfòme e fè kòmantè sou sitiyasyon Ayiti.”
Pami pesonalite ki te prezan nan ouvèti atelye sa a, genyen Pòtpawòl anbasad Ameriken nan ann Ayiti, Jon Piechowski; Direktè Sèvis Kreyol Lavwadlamerik la, Ronald César ak ansyen anbasadè Ayiti nan Washington, Raymond (Ray) Joseph.
Misye César remèt yon telefòn miltifonksyon iPhone bay chak patisipan pou pèmèt yo fè repotaj audio/video e fè montaj.
Seminè a ap rive nan bout li jedi 13 oktob 2011 la.