Accessibility links

Breaking News

Siklon Laura Fe Anpil Dega nan Eta Lwizyàn, Pati Sidès Etazini


Moun ap eseye evalye dega SIklòn Laura koze nan kay yo jedi 27 out 2020 an nan vil Holly Beach, Eta Lwizyàn. (Foto: AP/Eric Gay).
Moun ap eseye evalye dega SIklòn Laura koze nan kay yo jedi 27 out 2020 an nan vil Holly Beach, Eta Lwizyàn. (Foto: AP/Eric Gay).

Siklon Laura fè anpil dega nan Eta Lwizyàn ak Tegzas jedi 22 out 2020 an anvan li tounen yon tanpèt twopikal k ap deplase nan direksyon nò.

Nan moman rejyon ki bay sou Gòlf Meksik la, Ozetazini, kòmanse evalye tout gwo dega Siklòn Laura komèt nan zòn sa yo, sistèm nan -ki te ateri sou kòt la kòm yon siklòn kategori 4, pase sou Eta Luizyàn ke l kite pou l pran direksyon nò e li kite sou pasaj li bout twon pyebwa ki kase, plizyè katye kote li kraze kay yo ke li lage plat atè, avèk plis pase 875 mil moun ki rete san elektrisite. Van ki t ap soufle avèk yon fòs 240 kilomèt a-lè, kite Gòlf la pou yo fonse sou vil Lake Charles kote 80 mil moun ap vil; se siklon ki pi puisan, ki pi gwo nèg ki frape Eta Luizyann depi ane 1856.

Nan moman siklòn nan montre li mwen danjre e mwen destriktif pase sa otorie eta yo ak otorite lokal yo te prevwa jous nan mèkredi swa, yon video yo ki parèt sou entènèt la montre ke siklòn nan rive chavire yon kamyon pou l lage l sou yon bò. Dapre premye sekouris yo, gwo van yo rive detache tèt yon kasino kote yo te rasanble pou yo te pase nuit mèkredi 26 pou leve jedi 27 dawout la. Laura derasine kèk gwo pyebwa men wotè, men gwòsè, pou l voye yo ak tout fòs al frape sou kay yo, tandiske gen lòt pyebwa ki bare gwo prensipal yo e ki bloke sikilasyon an.

XS
SM
MD
LG