Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta a Lonje Dwèt Sou Kuba ak Venezuela nan sa ki gen Rapò ak Trafik Moun


Sekretè Deta ameriken an Hillary Clitnon k ap pale sou Trafik dwa moun nan konferans anyèl ki fèt nan Depatman Deta a
Sekretè Deta ameriken an Hillary Clitnon k ap pale sou Trafik dwa moun nan konferans anyèl ki fèt nan Depatman Deta a

Lèzetazini mete Kuba ak Venezuela nan lis peyi ki pa satisfè standa entènasyonal minimòm yo nan lit kont trafik imen.

Depatman Deta Ameriken an presize nan yon nouvo rapò li pibliye, gouvènman kiben an pa deplwaye bon jan efò pou elimine trafik e men-nen yon kanpay piblik tout moun konnen pou anpeche travay ak pwostitisyon fòse.

Dokiman an fè konnen tou , alòske La Avann sanble entèdi tout kalte aktivite trafik imen a travè pwovizyon legal li genyen kòd penal li, moun pa ka verifye itilizasyon pwovizyon sa yo. Rapò a presize pwostitisyon timoun ki nan laj 16 zan legal nan il komunis la. Konsa, sa timoun yo vinn konplètman vilnerab anba eksplwatasyon nan komès seksyèl.

Rapò Depatman Deta a egzòte Kuba pou l men-nen ankèt sou sitwayen kiben k ap fè travay fòse e tabli yon kolaborasyon ak espesyalis ki okipe yo de moun ki viktim trafik. Se pou granmoun tankou timoun kapab jwenn pwoteksyon ak asistans nan men espesyalis sa yo.

Depatman Deta ajoute non Venezuela nan lis pi move peyi nan zafè trafik imen an. Dokiman an di Venezuela se yon sous, yon tranzit, yon destinasyon pou gason , fanm ak timoun ki nan trafik seksyèl ak travay fòse. Dapre rapò a toujou , Venezuela pa founi okenn enfòmasyon sou demach li fè pou konbat trafik imen.

XS
SM
MD
LG