Accessibility links

Breaking News

Laswis Gen Entansyon Konfiske Lajan Jean-Claude Duvalier


Dikatatè ayisyen an Jean-Claude Duvalier
Dikatatè ayisyen an Jean-Claude Duvalier

Peyi Laswis fè konnen li pral tanmen yon demach legal pou konfiske byen ak lajan diktatè ayisyen Jean-Claude Duvalier. Minis afè etranjè swis la anonse demach sa a mèkredi 2 fevriye 2011 la, swa yon jou apre peyi li te kòmanse aplike yon nouvo lwa k ap pèmèt li bloke anviwon 6 milyon dola mesye Duvalier sere nan yon kont-an-bank swis.

Lwa sa a makonen an pati ak yon batay legal konsènan lajan ansyen diktatè ayisyen an ta swadizan detounen nan kès leta peyi li. Nouvo lwa a pral rann li pi fasil pou otorite suis yo retoumen lajan moun ranmase ilegalman nan peyi dorijin yo.

Otorite swis yo te jele kòb Mesye Duvalier genyen nan bank li yo apre li te pèdi pouvwa a nan yon soulèvman popilè an 1986.

XS
SM
MD
LG