Accessibility links

Breaking News

Larisi Touye 6 lòt Sivil nan yon Atak sou yon Azil nan Vil Toretsk, nan Ikrèn


Alexander mache nan lakou li ki detwi nan yon atak ak misil nan Toretsk, rejyon Donetsk, Ikren, Lendi 16 Me, 2022.
Alexander mache nan lakou li ki detwi nan yon atak ak misil nan Toretsk, rejyon Donetsk, Ikren, Lendi 16 Me, 2022.

6 lòt sivil mouri lendi, daprè sa yon otorite k ap kowòdone yon eta dijans nan Ikrèn fè konnen, nan moman lame ris la t ap vide kout zam lou sou yon abri ki te gen 2 etaj nan vil Toretsk, ki nan pati lès peyi a. Sèvis Dijans Leta a, ki pale de ensidan an nan yon deklarasyon li pibiye sou kont Facebook li, di sekouris yo jwenn 5 kadav anba debri yo tandiske yo rive wete 3 lòt moun vivan anba gravye yo; men youn nan yo ta pral mouri pi ta nan yon lopital. Deklarasyon an fè konnen:

“Vil Toreisk te anba koutzam byen bonè maten an. Yon building 2 etaj kote moun al pran refij, detrui pandan ke bonbadman yo kraze l nèt.”

Yon foto montre sekouris yo ki t ap fouye nan debri yo, men sèvis dijans la di yo abandone rechèch ki t ap fèt pou jwenn moun ki ta vivan toujou.

Larisi demanti pawòl kòmkwa li ta vize sivil nan operasyon militè li a; men li bonbade plizyè objektif ki pa militè pandan atak li yo k ap dewoule depi prèske 5 mwa, e ki touye plizyè santèn moun.

Sou plan diplomatik la, chèf politik etranjè Inyon Ewòp la, Josep Borrell, pale lendi pou l di li espere pral genyen yon akò avèk Larisi semèn sa a pou mete fen nan blokis li tabli sou pò ikrenyen nan Odesa ak lòt kote, alòske lavi plizyè santèn milye moun depann de akò sa a nan moman manje manke nan plizyè peyi.

Sekretè Jeneral lONU an, Antono Guterres, te deklare semèn pase a gen “yon akò global” sou yon antant ant Larisi ak Ikrèn, epi ant Tiki ak l’ONU pou pèmèt Ikrèn ekspòte plizyè milyon tòn sereyal ki bloke nan silo depi Larisi te anvayi Ikrèn 24 fevriye pase a.

XS
SM
MD
LG