Accessibility links

Breaking News

Larisi Tap Eseye Fè Espyonaj nan Eleksyon Prezidansyel la Ozetazini Dapre Rapò yon Jounal an Liy


Lokal Ajans Ransèyman Nasyonal Ameriken (NSA).
Lokal Ajans Ransèyman Nasyonal Ameriken (NSA).

Yon dokiman top-sekrè ki soti nan yon gwo ajans ransèyman ameriken montre sèvis espyonaj militè ris la te eseye komèt zak piratri sou rejis elektoral Lèzetazini an anvan eleksyon mwa novanm 2016 la, dapre sa yon jounal ki pibliye sou entènèt fè konnen.

Jounal an liy The Intercept fè konnen dapre ajans ransèyman nasyonal ameriken NSA, sèvis espyonaj militè Larisi a te eseye pandan plizyè mwa penetre andedan sistèm elektoral ameriken an jis nan jou ki te vini anvan vòt mwa novanm nan. Sib Moskou te vize, se konpayi ki founi gouvènman lokal yo lojisyèl pou enskri non elektè yo.

Moun pa konnen aklè ki degre siksè pirat ris yo te jwenn nan demach sa a, sepandan, responsab NSA yo pa di si wi ou non tantativ sa yo te rive afekte rezilta eleksyon an isit Ozetazini.

XS
SM
MD
LG