Accessibility links

Breaking News

Lavi Nan Pòtoprens Kòmanse Tounen nan Eta Nòmal


A vendor carries his bags of clothing for several blocks to his market stall, instead of using a tap tap bus due to a fuel shortage, in Port-au-Prince, Haiti, Nov. 11, 2021.
A vendor carries his bags of clothing for several blocks to his market stall, instead of using a tap tap bus due to a fuel shortage, in Port-au-Prince, Haiti, Nov. 11, 2021.

Pòtoprens: Biznis yo kòmanse ouvri pòt yo e aktivite yo rekòmanse reprann apre lidè gang G9 la, Jimmy Cherizier te leve blokaj pou livrezon petwol yo Vandredi.

Gang G9 la, ki kontwole tèminal pou livrezon gaz la te otorize kamyon yo antre nan tèminal Varreux a.

Bank yo te reprann orè nòmal yo apre yo fin limite orè operasyon yo akòz mank gaz ki te genyen nan kapital la.

Jimmy "Barbecue" Cherizier, lidè federasyon an, te deklare nan yon konferans pou laprès vandredi ke yo pral pèmèt kamyon yo al pran gaz nan tèminal gaz Varreux a pou yon semèn. Li te avèti blokaj yo ap rekòmanse si Premye Minis Ariel Henry pa demisyone.

XS
SM
MD
LG