Accessibility links

Breaking News

Lapolis Meksik Arete Yon Gwoup Migran ki te Nan Yon Kamyon


Otorite Meksik Jwenn yon Lòt Gwoup Migran nan yon Kamyon
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:27 0:00

Otorite Meksik Jwenn yon Lòt Gwoup Migran nan yon Kamyon

Lapolis nan rejyon es Meksik dekouvri plis pase 30 migran ki soti AMerik santral ki te kache nan yon kamyon ki tapral Ozetazini apre kamyon an te fè yon aksidan nan eta Veracruz Madi 11 Janvye a.

Kamyon an te gen 38 migran ladann, pami yo 8 minè, li fè kolizyon ak yon mi sou otowout la.

Juan Armando Perez ki se Migran Guatemaltek di yo te pase 10 èdtan nan kamyon an. Yo kite depi dimanch nan mitan lannwit, e telman te gen anpil moun andedan kamyon an yo patka respire. Timoun yo tap kriye e yo te mande yo pou yo sispann kriye.

Dapre lapolis, okenn migran pa mouri nan aksidan an men genyen ki lejèman blese.

Enstiti Migrasyon Nasyonal Meksik la pran migran yo pou revize stati imigrasyon yo.

Dapre medya lokal yo chofè kamyon an te chape poul li.

Vag migran ki soti Amerik Santral, ansanm ak Ayisyen kap chache antre Ozetazini fristre. Ni otorite Ameriken, ni lidè Meksiken yo, nan moman y'ap eseye redwi kantite migran kap kite lakay yo akoz lamizè, zak vyolans oubyen dezas natirel.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG