Accessibility links

Breaking News

Lapli Kontinye Tonbe Sou Peyi Dayiti


Move tan ki frape peyi Dayiti, pi presizeman depatman lwès, fè gwo dega nan kapital la. Tèm sa a kontinye rete yon pwen cho nan aktyalite a.

Otorite yo fè bilan e yo pran dipozisyon pou yo pote sekou bay viktim yo .

Direktris Biwo Pwoteksyon Sivil la, Alta Jean Baptiste, ap bay yon konferans pou laprès nan fen matine mèkredi 29 septanm 2010 la pou l fè lepwen sou sitiyasyon an e sitou lanse apèl bay diferan ONG yo pou yo kore efò k ap fèt pou ede viktim yo.

Se youn nan nouvèl korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nan yon rezime aktyalite a nan peyi a.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 29 septanm 2010 la.

XS
SM
MD
LG