Accessibility links

Breaking News

Lanmo Trajik Kobe Bryant : Konpansasyon pou 2 fanmi Viktim Aksidan an


GLOBAL-POY/SPORTS-2020
GLOBAL-POY/SPORTS-2020

2 fanmi moun ki te viktim nan aksidan elikoptè ki touye Kobe Bryant an janvye 2020 an resevwa $2.5 milyon konpansasyon pou foto viktim yo nan espas la ke la polis ak ponpye Los Angeles te pibliye.

Antant la, ki fèt ant fanmi viktim yo ak Awondisman Los Angeles la, pa valab pou vèf vedèt basketbòl la ki asiyen Los Angeles tou akoz piblikasyon foto sa yo.

Kobe Bryant ak pitit fi li Gianna ki te gen 13 an, ak 7 lòt moun te mouri nan yon aksidan terib elikoptè 26 janvye 2020 nan lwès vil Los Angeles.

Sèl moun ki te gen otorizasyon pran foto sou sèn katastwòf la sete envestigatè Ajans Sekirite Transpò a (NTSB) ak Biwo Egzaminatè Medikal la.

Men, lapolis ak ponpye k ap travay yo te pran yon foto viktim yo sou sèn nan epi yo te pataje yo ak lòt moun. Foto yo te gaye vit e se sa ki te lakòz yon eskandal.

Fanmi viktim yo te depoze plent kont yo pou chòk emosyonèl sa te koze yo.

Konsèy administrasyon an te apwouve konpansasyon an nan Madi 2 Novanm san yo pa fè plis kòmantè.

Matthew Mauser, mari youn nan viktim yo, gen pou l resevwa $1.25 milyon kòm konpansasyon, menm jan ak JJ ak Alexis Altobelli, ki te pèdi paran yo ak ti sè yo nan aksidan sa a.

Nan kad pwosè ki te inisye pa Vanessa Bryant, ki se madanm Kobe Bryant, yon jijman deja prevwa pou mwa fevriye 2022.

© Ajans Lafrans-Presse

XS
SM
MD
LG