Accessibility links

Breaking News

Lame Siryèn an Ranfòse Prezans li nan Pati Nò Peyi a


Lame Siryèn an Ranfòse Prezans li nan Pati Nò Peyi a
Lame Siryèn an Ranfòse Prezans li nan Pati Nò Peyi a

Televizyon Nasyonal peyi Siri fè konnen lame siryèn nan lanse yon operasyon pou li « retabli sekirite » nan vil Jisr-al-Soughour, ki nan pati nò peyi a, tou prè fwontyè Siri ak Tiki.

Daprè moun k ap viv nan zòn nan, lame voye omwen 40 gwo machin blende, tank ak kamyon k ap transpòte sòlda, al pran pozisyon sou yon distans 7 kilomèt ak vil la, anvan yo te antre ladan n.

Gouvènman siryen an fè konnen, pi bonè nan semèn nan, gang ame ki t ap opere nan vil Jisr-al-Soughour te touye 120 manm lame a e li sèmante l ap fè yo peye sa.

XS
SM
MD
LG