Accessibility links

Breaking News

Lame Kore di Sid ap Fè Plis Egzèsis Tou Prè Kore di Nò


Lame Kore di Sid ap Fè Plis Egzèsis Tou Prè Kore di Nò
Lame Kore di Sid ap Fè Plis Egzèsis Tou Prè Kore di Nò

Kore di Sid fè konnen li pral fè plis egzèsis militè sou yon zile ki tou prè kòt Kore di Nò, e se va menm kalte egzèsis ki te lakoz lamé Kore di Nò lanse yon atak ak gwo zam lou sou Kore di Sid mwa pase a ---atak ki te koze lanmò 4 moun : 2 sòlda ak 2 sivil.

Daprè sa otorite militè sid koreyen yo deklare jedi 16 desanm 2010 la, egzèsis sa yo kapab kòmanse depi samdi k ap vini la a ; men vrè dat la pral depann de sitiyasyon tan an.

Anons sa a parèt nan moman gen anpil mouvman diplomatik ki sou pye pou eseye bese tansyon an ant 2 Kore yo --pami mouvman sa yo genyen yon vizit òm politik ameriken Bill Richardson ap fè nan Pyongyang, kapital Kore di Nò.

XS
SM
MD
LG