Accessibility links

Breaking News

Lame Kontinye yon Operasyon Sere Boulon Kont kèk Vil ak Vilaj nan Siri


Plizyè santèn sitwayen siryen kouri kite kay yo, yo travèse fwontyè pou yo ale nan peyi vwazen Tiki
Plizyè santèn sitwayen siryen kouri kite kay yo, yo travèse fwontyè pou yo ale nan peyi vwazen Tiki

Fòs zame a kontinye operasyon li lanse sou kèk vil ak vilaj nan pati nò-dès Siri pou l kase fe militan ki leve kanpe kont gouvènman Prezidan Bashar al-Asad la, nan moman lidè mondyal yo kondane operasyon sere boulon sa a.

Ajans nouvè Siri a, SANA, ak militan de dwat yo --ki te abòde dosye a jedi 16 jen 2011la-- fè konnen kèk detachman militè ki genyen avèk yo plizyè douzèn tank ak kamyon transpò militè blende, al pran pozisyon nan vil Khan Sheikhoun, yo ansèkle vil Maarat al-Noumaan, tandiske yo atake 2 vilaj, Sougghou-al-Kadima ak Janoudiyé.

Plizyè santèn sitwayen siryen kouri kite kay yo, yo travèse fwontyè pou yo ale nan peyi vwazen Tiki. Daprè temwayaj kèk nan yo, sòlda siryen yo fèmen je yo pou yo vide kout mòtye sou vilaj yo e yo dechouke kay moun ki nan zòn sa yo.

XS
SM
MD
LG