Nan peyi Lejipt, nouvo dirijan militè yo lanse yon apèl pou yo mande yon fen prese-prese nan yon seri de grèv ki paralize divès aktivite atravè tout peyi a, aprè sa yo konsidere kòm yon revolisyon ki dechouke rejim Prezidan Hosni Mubarak la ki pase prèske 30 tan sou pouvwa a.
Nan menm apèl sa a, militè yo ensiste pou di yo dispoze pataje pouvwa a ak sivil yo, epi òganize yon referandòm pou amande konstitisyon an. Lendi 14 fevriye 2011 la, Konsèy Militè Siprèm Eijipt la fè parèt yon kominike kote li mande lidè sektè travay la mete fen nan mouvman grèv la ; paske, daprè wo-grade militè yo, sa menase tout efò ki ka fèt pou relanse ekonomi peyi a ki nan yon eta malouk, aprè 2 semèn pwotestasyon ki te paralize Lejip.