Anbasadè Lafrans nan Pòtoprens, Didier Lebret, fè konnen peyi li ap suiv avèk anpil enterè e atansyon evolisyon pwosesis elektoral la ann Ayiti.
Diplomat la kontinye pou l di li byen kontan pwogrè pwosesis la reyalize jiskaprezan e li ensiste sou enpòtans eleksyon 28 novanm nan pou avni relasyon ant Pòtoprens ak Pari e avèk kapital lòt peyi Ewopeyen yo.
Mesye Lebret deklare n ap site: "Eleksyon an trè enpòtan pou pèp ayisyen an. Menm si sikonstans yo pa ideyal, randevou elektoral 28 novanm nan ap jwen yon wòl kle nan efò pou kore demokrasi ann Ayiti."
Anbasadè fransè a fini pa di, yon nou gouvènman lejitim nesesè anpil pou reyalizasyon refòm nan tout administrasyon piblik la ann Ayiti."
Rotchild François Junior ap devlope nouvèl sa a depi Pòtoprens.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon repòtaj Rotchild Francois Junior.