Accessibility links

Breaking News

Minis Defans Ameriken an, Jim Mattis, ap Vizite Lachin, Japon ak Kore di Sid

Minis Mattis ki t ap asiste yon rankont tri-lateral avèk Minis Defans Japon an, Itsunori Onodera, epi kòlèg ostralyen li a, Marise Payne, pandan dewoulman 17èm Dyalòg Peyi-Manm Enstiti Entènasyonal pou Etid Stratejik yo (IISIS), nan Sengapou, samdi 2 jen 2018 la. (Foto: AP/Yong Teck Lim).

Nan okazyon 68èm anivèsè Lagè Kore a, Minis Defans ameriken an Jim Mattis kòmanse ann Azi yon vizit ki mennen l nan Lachin pou la premyè fwa depi l ap dirije Pentagòn nan. Laprès Leta chinwa site M. Mattis ki di yon rapò amerikano-chinwa ki an fòm e ki stab sèvi enterè tou lè 2 peyi yo.

M. Mattis prale tou nan Japon ak Kore di Sid. Li di laprès li vle tabli yon konvèsasyon ant lidè rejyonal yo e li dispoze tande sa yo gen pou di l. Vwayaj sa a ap fèt apre Washington te anile yon envitasyon li te lanse bay Lachin pou l patisipe nan yon seri de egzèsis militè miltinasyonal ki pral fèt tou pre kòt Awayi.

Rezon ki fè Lèzetazini anile envitasyon an, se poutèt Chinwa yo rasanble yon gwo fòs militè nan Lanmè Sid Chin nan; epi kontak Lèzetazini ap pran ak Taywann yo reprezante tou yon pwoblèm tou pou relasyon ant Washington ak Peken.

XS
SM
MD
LG