Accessibility links

Breaking News

Lachin Kontinye Opoze Desizyon Komite Pri Nobèl la


Lachin fè konnen desizyon Komite Nobèl la pran pou l rekonpanse yon disidan chinwa ki nan prizon an se tou kòm ankouraje krim nan peyi a.

Deklarasyon sa a pòtpawòl ministè afè etanjé peyi Lachin nan, Ma Zhaoxu fè jedi 14 oktòb 2010 la se dènye nan yon seri repons gwo kòlèt Lachin fé depi apré yo fin anonse militan an favè demokrasi Liu Xiaobo se gayan pri Nobèl Lapé ane 2010 la.

Divès peyi lanse apèl pou mande la Chin pou l lage Liu , premye minis japonè Naoto Kan deklare li ta swetab pou yo libere Liu.

Disidan an gen pou l pase 11 zan nan prizon sou akizasyon deske li konn chofe tèt pèp la.

XS
SM
MD
LG