Accessibility links

Breaking News

Laboratwa ap Travay Sou Medikaman Kont COVID-19 pou Flite nan Nen


Nasal vaccine
Nasal vaccine

Vaksen kont COVID-19 pou flite nan nen moun olye de piki nan bra yo, se sa 9 laboratwa ak konpayi ap devlope nan mond la kounye-a, dapre Òganizasyon Mondyal Lasante.

Apa ke moun ap pi alèz pou pran-l pase yon zegui nan bra yo, vaksen sa yo ka mache pi byen pase piki pou bare kowonaviris ki bay maladi COVID-19 la kote menm li premye antre nan kò-a.

E lè vaksen nan nen yo pa kite viris la repwodui nan nen nou ak gòj nou, yo ka fè pi bon travay nan anpeche-l gaye, soti nan yon moun pou al nan yon lòt. Sa enpòtan sitou pou varyan omikron an, k-ap glise kò-l tankou lwil.

XS
SM
MD
LG