Accessibility links

Breaking News

La Grand Bretay Mete 5 Diplomat Libyen Deyò


Lapolis nan L agrandbretay ki kanpe devan anbasad libyen an mèkredi 30 mas 2011
Lapolis nan L agrandbretay ki kanpe devan anbasad libyen an mèkredi 30 mas 2011

La Grand Bretay anonse li deside mete deyò 5 diplomat ki nan anbasad libyèn nan nan vil Lond poutèt yo komèt nuizans ak zak kraponnay kont militan libyen ki nan peyi a e poutèt yo menase sekirite nasyonal La Grand Bretay.

Minis afè etranjè britanik la, William Hage, fè anons la mèkredi 30 mas 2011 la kote li di, pami diplomat Lond kwape yo, genyen atache militè libyen an.

Daprè otorite britanik yo toujou, 5 diplomat Lond deklare persona non grata yo, se patizan fawouch rejim Kadhafi a, k ap goumen kont yon mouvman leve-kanpe ki menase pou l ranvèse gouvèmann ki sou pouvwa a depi 42 zan nan peyi Libi.

XS
SM
MD
LG