Nan Afganistan, fòs etranje yo eskize yo pou lanmò sivil afghan ki pèdi lavi yo nan atak ayeryen l’Otan te lanse samdi 28 me a nan sid Afghanistan.
Nan yon deklarasyon Kowalisyon entènasyonal la fè lendi 30 mas 2011 la, li eskize li pou lanmò 9 sivil ki mouri nan atak distri Nawzad la nan pwovens Helmand.
Men otorite afghan yo di atak ayeryen l’Otan lanse byen ta samdi ki sot pase a, te frape 2 kay e li touye 14 moun ; 2 fi ak 12 ti moun e gen 6 lòt sivil ki blese.
Dimanch 29 me 2011 la, Prezidan Karzai ankouraje fòs kowalisyon an pou yo minimize atak pandan nan nwit yo e pou yo klarifye yo avèk sòlda afghan yo pou kantite moun ki mouri yo ka diminye.
Yon pòtpawol la mezon blanch di Lèzetazini pataje enkyetid Prezidan Karzai sou sivil k ap pèdi lavi yo, e li pran sa trè o serye.