Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Avèti Yon Desizyon sou Avòtman Kapab Ogmante Vyolans Ekstremis yo


Manifestan devan Kou Siprem Etazini Madi 3 Me, 2022 nan Washington.
Manifestan devan Kou Siprem Etazini Madi 3 Me, 2022 nan Washington.

Fuit ki te mete piblik la okouran opinyon ki nan yon bouyon desizyon Kou Siprèm nan ki ta ka elimine dwa pou moun fè avòtman, pwovoke yon vag menas kont kèk otorite ak lòt moun, e sa vin ranfòse posiblite pou eleman ektremis nan sosyete a koze vyolans, dapre yon rapò gouvènmantal entèn.

Vyolans kapab sòti nan tou le 2 kan (pou e kont) ki enterese nan kesyon avòtman an, e menm bò kote lòt tip ekstremis k ap chache eksplwate tansyon an, dapre yon memo Biwo Entèlijans ak Analiz Depatman Sekirite Enteryè a voye bay ajans gouvènman lokal yo.

Vyolans sa a se yon eleman an plis nan sa k reprezante deja yon anviwonnman enprevizib Ozetazini, kote otorite yo lanse avètisman plizyè fwa pandan 2 zan ki pase yo pou di menas ke ekstremis nasyonal yo poze –tankou nèg ame ki te komèt yon atak rasis wikenn pase a nan Buffalo- depase danje ki poze aletranje.

XS
SM
MD
LG