Accessibility links

Breaking News

Kriz Gaz la ann Ayiti Afekte Distribisyon Dlo Potab nan Pòtoprens


Kriz Gaz la ann Ayiti Afekte Distribisyon Dlo Potab nan Pòtoprens
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:59 0:00

Kriz Gaz la ann Ayiti Afekte Distribisyon Dlo Potab nan Pòtoprens

Daprè medya lokal yo, Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Sanitasyon an Ayiti (Dinepa) gen difikilte pou bay estasyon ponpaj dlo, paske ponp yo bezwen gaz pou yo mache.

Divès minisipalite nan Kapital Pòtoprens la ak nan vil Ouanaminthe, ki sou fwontyè ak Repiblik Dominikèn, ka afekte pa mank dlo sa.

Guito Edouard, ki se Direktè Dinepa te di laprès ke nan zòn kapital la, minisipalite Delmas, Tabarre ak Cité Soleil gen plis chans afekte pa rate dlo a.

"Nou ap viv de jou an jou sou kantite gaz ki disponib. Sa a se yon gwo enkyetid pou nou".

Dapre on etid Bank Mondyal fè, se sèlman mwatye nan popilasyon Ayiti ki gen aksè a dlo potab e sèlman yon tyè gen aksè a asenisman de baz yo.

Manm gang yo bloke aksè ak tèminal gaz yo, pandan ke lidè yo ap mande Premye Minis Ariel Henry pou l demisyone.

XS
SM
MD
LG