Nan vil Jakmèl, kandida platfòm politik ansanm nou fò pou yon pòs nan palman an –ki se an menm tan yon ansyen palmantè--, Wilner Content, kritike Prezidan René Préval pou anpil rezon kigen rapò ak pwosesis elektoral la – pa egzanp, le fèt ke lidè ayisyen an te envite l’OEA al verifye rezilta 1e tou- .
Daprè kandida sa a, misye Préval poko konvoke pèp la pou l ale nan eleksyon.
Yves Mompremier ba nou plis detay depi vil Orlando, Eta Florid.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj sa a.