Accessibility links

Breaking News

Kreyòl Pale: Payèt, Kalinda, Ribanbèl


Nan pwen fi enteresant pase Jeannine! Depi’l rive nan yon bal, fòk li tonbe ap bay payèt pou fè moun wè l...

Genyen mo ki sonnen bèl nan lang kreyòl la ( nan tout lang !) ki frape imajinasyon. Depi ou tande’l, yon bann imaj, bèl imaj, tanmen defile devan je ou.

Imaj plen koulè, tankou lakansyèl. Zòt ki te chans ou privilèj frekante gwo lekòl, gran lekòl…ki pale yon franse «pointu» (men pa di pale pwenti, zuzu, bouch koud sa a rele sirèt, nan lang kreyòl la) Wi, zòt ki pale yon franse pointu, fen, ta di «yon kaléidoscope» koulè ka p fè djan-djan ap danse devan je yo, ap bay payèt. Jisteman, payèt, se youn nan 3 mo mwen ta renmen wè apre midi a.

Payèt nan lang kreyòl, genyen sans fè wè, fè enteresant, mache bwòdè, mache ak elegans; mache bobis (faire le beau buste).

«Jeannine, nan pwen fanm enteresant konsa... Depi’l rive nan yon bal, fòk li tonbe bay payèt pou fawouche lòt fi ki sou pis la ».

Nou kapab konprann tousuit, Jeannine map pale a ap chèche atire, kapte atansyon moun, paske li renmen tout atansyon brake, fikse sou li. Mwen pa vle di «elle est le centre d’attraction, lap fè le « m’as-tu vu ? » paske zòt va kouri dèyè m. Angle a di « Show-Off ».

Poutan payèt, mo franse a, genyen yon sans toutafè opoze, diferan. Paillette ( P.A.I.L.L.E.T.T.E), se yon seri ti lamèl metal, koulè ajan, koulè lò ou kapab koud sou yon rad pou fè’l sentiye (fè yan-yan) nan je ou lè limyè frape sou li.

Nan tan lontan, pandan defile madigra nan Pòtoprens, kostim moun ki degize an’n endyen yo te plen payèt tout koulè sou yo, sou figi madigra yo tou ki ta p bay payèt nan lari a nan yon bèl dans kalinda. Yo ta p danse kalinda, yo ta p bay kalinda.

Men yon bèl mo ankò, nou genyen nan lang kreyòl ayisyen an. Bay kalinda, se « faire la fête », danser--- danser tout nan nuit, nan yon banbòch, plezi lajwa, kè kontan. Gen kote yo di bat kalinda ou mwen pral kaladya…

« 24 ak 31 Desanm ane sa a, mwen pra l kaladja kò’m nèt-al-kole nan Boule De feu.

Se kòm si m te di mwen pra l layite kò’m nèt ».

Listwa rapòte dans kalinda a, ke esklav yo te konn danse l sitou le swa, apre yon joune travay di ou nan jou repo yo, se te pou maske seremoni vodou yo te konn ap fè pou kolon blan pa dekouvri zafè yo.

3 zyèm e dènye mo a, se ribanbèl:

Fè ribanbèl nan peyi Dayiti se fè gwoup, se rasanble, se jwe, se pran plezi, se fè dezòd.

Pafwa, li konn genyen sans fèt ak banbòch tou.

« Jacques, sa wa p fè wikenn sa-a ?

-Monchè, samdi yo envite’m nan yon ribanbèl kay Lyonèl-la… se la map jete’m. Nan sans sa-a, mwen pral nan yon anbyans, nan yon fèt, yon bal lakay Lyonel.

Men, menm Lyonel sa a ki envite’m nan Ribanbèl lakay li a, se pa moun ki tolere ribanbèl timoun… se poutèt sa li pa fè anpil pitit.

Ribanbèl nan sa a, vle di yon krèy ( kiryèl) yon bann ak yon pakèt.

Defen papa ‘m tou pat renmen ni tolere ribanbèl lakay li. Mwen sonje yon jou li antre e li jwenn mwen ak tizanmi mwen yo ap jwe e ap fè bri nan kay la.

Li di m : Jacques ! Kote Jacques-la ? Sispan’n mwen ribanbèl la e al mete’ou ajenou ! Mwen pa deja di ou mwen pa vle Ribanbèl nan kay la ? ou pral peye m sa. Enben, mwen kite n devine rès la !

Se te kreyòl Pale-Kreyòl konprann, yon segman Lavwadlamerik avèk Jacques Jean-Baptiste, ki envite’n ekri’l sou adrès sa a jbjacque@voanews.com, pou n pwopoze l mo kreyòl li ka pase nan pwogram sa a.

Fè yon klik sou ikon mp3 anwo, adwat paj wèb la pou ou koute segman sa a.

XS
SM
MD
LG