Accessibility links

Breaking News

Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann : Lapriyè, Priyè, Bay Priyè, Pa Pran Priyè


VOA Creole Service
VOA Creole Service
Li pa genyen anyen pou wè ak Patriach la*, men li fòse dè milye (si se pa dè milyon) moun swa rale chaplè yo, swa mete jenou atè pou yo lapriyè e mande Granmèt la pwoteksyon.

Wi, tanpèt twopikal Isaac fè nèg priye, fè nèg lapriyè, fè nèg woule ou grennen chaplè.
Woule, grennen ou pase chaplè vle di fè priyè n, di priyè nou, resite priyè nou… byen fò oubyen toudousman (à voix basse, Jacquelin ta di) pou n mande ou fè Bondye yon demann. Lè demann nan reyalize, nou di «priyè a egzose» ou tankou lòt la te di li « priyè a monte gras la desann ».

Malerezman, genyen anpil pechè’d latè se lè yo nan malè yo manche chaplè yo (ki rele rosaire an franse) pou yo mande Lesyèl gras ak pwoteksyon.

Men se pa sèlman lè moun genyen yon demann oubyen bezwen yon bagay reyalize yo lapriyè. Yo ka lapriyè pou eksprime adorasyon yo, pou yo venere et rann Granmèt la glwa !. Genyen priyè matinal moun di lematen. Genyen lanjelis (a midi) genyen priyè vesperal ou ankò langelis zòt di leswa.

Gen moun ki konn deside tou fè yon semèn lapriyè tankou nan mwa yo rele mwa Lavyèj Mari a ; genyen lòt ki deside fè nevèn, sètadi yon priyè ki dire 9 jou pou yo ka jwenn yon favè.

Kèk fwa sèten moun konn menm deside « pran ve », konprann ve penitans, lè yo panse priyè a monte e konstate gras la poko ka desann.
Men priyè nan peyi Dayiti pa toujou gen sans m ap pale la a. Pa egzanp, lè moun genyen paran ou yon fami l mouri, li kapab deside « fè priyè » pou moun sa a. La p rele yon pè-savann pou vin fè de (2) semèn ap priye chak swa pou repo nanm defen an. Nan peyi lakay mwen, nan Tiyapon, nou rele sa « dènye priyè », ou priyè lèmò, kote moun ap chante kantik, bwè te, bwè kafe.

E pou’n kite « kantik pou’n pran priyè » (pou n abòde yon lòt pwen, yon lòt ang) Gen zòt tou ki fè « priyè ginen ». Sa ki lage n dirèkteman nan relijyon Vodou a kote nou jwenn ekspresyon « priyè djò » ki se yon priyè jeneral pou tout espri nanchon vodou a.

Men kèk fwa ou kapab fè tout bagay sa yo, ginen yo pa okipe w paske yo fache, yo pa pran priyè.

“Ou bay priyè sou bay priyè”, nadmarinad, ginen yo “pa pran priyè”.

Bay priyè nan lang kreyòl ayisyen an vle di : enplore, kajole, mande, miyonnen, sipliye.
E «pa pran priyè » li menm gen sans: pa tande, enfleksib.
« Tout sa’m fè’l pou’ al nan bal la avèk mwen, li refize… Li di’m fwa sa a « Jacques ou mèt kriye san, kriye matyè, mwen pa pran priyè ! » Depi ou tande sa ou mèt konnen sitasyon an dezespere, mwen pa gen yon chans fè l chanje lide. Men, mwen kriye « anyen sa ! » paske pa gen lapriyè ki pa gen amèn* ».

*Patriyach Isaac, se pitit pwofèt Abraham nan Bib la e l se papa Esaü ak Jacob.
Pa gen Priyè ki pa gen "amen", vle di "nan pwen anyen ki pa gen yon fen".

Fè yon klik sou ikòn opalè a, anba tèks sa a pou w Koute vèsyon anrejistre a


Lapriyè, Priyè, Bay priyè, Pa pran priyè
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:41 0:00
Direct link
XS
SM
MD
LG