Accessibility links

Breaking News

Selebrasyon Jounen Lang Kreyòl yo - Vèsyon 2018- nan Washington-Maryland/Viijini


Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl yo
Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl yo

Malgre Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl, jan UNESCO (Ajans Nasyonzini pou Edikasyon, Syans ak Kilti) te deside l la se le 28 oktòb chak ane, genyen kèk vil nan dyaspora a kote selebrasyon an dewoule swa anvan, swa apre dat la; pafwa tou, festivite yo kòmanse nan dat 28 la pou yo kontinye pandan youn oubyen 2 semèn apre sa.

Se sa menm k ap pase ane sa a nan zòn metwopolitèn Washington, D.C. kote ayisyen k ap viv nan kapital federal Lèzetazini an, nan Eta Maryland, Vijini ak Vijini Oksidantal gen randevou nan vil Rockville, MD, pou selebrasyon jounen an.

Tèm nan ane sa a se:

<< LANG KREYÒL LA : YON ZOUTI POU EDIKASYON. >>

Manm Konsèy Administrasyon Kominal Montgomery County (Maryland), Roger Berliner, ak madanm li ki te poze avèk Dr. Fred Williams, prezidan KOMALAK (28 Oktòb 2017).
Manm Konsèy Administrasyon Kominal Montgomery County (Maryland), Roger Berliner, ak madanm li ki te poze avèk Dr. Fred Williams, prezidan KOMALAK (28 Oktòb 2017).

Nan okazyon an yon gwoup melanje ki gen ladan n pwofesè, lengwis, entèprèt, jounalis, atis tout kalite -powèt, mizisyen, chantè, pent, sanba..., elatriye, ap mete sou pye yon gwo aktivite sou patwonaj Ambasad d Ayiti Ozetazini, Gouvènman Awondisman Montgomery (Montgomery County Executive Office), Bauer Drive Community Center ak divès pwofesyonèl nan zòn metwopolitèn nan pou make jounen an.

Nan tèt mouvman sa a genyen KOMALAK (Komite pou Avansman Lang Kreyòl) ki genyen kòm manm:

Pwofesè Fred Williams, PhD, prezidan;
Fritzie Leroy, responsab relasyon piblik, web mistress;
Serge Bellegarde, akademisyen, konseye akademik, lyezon ak AKA (Akademi Kreyol Ayisyen);
Jean-Pierre Leroy, direktè atistik;
Lyonel Desmarattes Sr. , ajan pwomosyon kiltirèl.

Manm fondatè KOMALAK (Komite pou Avansman Lang ak Kilti Kreyòl). Sòti adwat ale a goch: Dr. Fred Williams, Fritzie Leroy, Lyonel Desmarattes ak Serge Bellegarde.
Manm fondatè KOMALAK (Komite pou Avansman Lang ak Kilti Kreyòl). Sòti adwat ale a goch: Dr. Fred Williams, Fritzie Leroy, Lyonel Desmarattes ak Serge Bellegarde.

Jedi premye novanm 2018 la, 3 nan manm KOMALAK yo, Pwofesè Williams, mizisyen-pent-womansye Leroy ak aktè-ekriven kreyolis Lyonel Desmarattes te patisipe nan yon pwogram Facebook an dirèk (Facebook Live) sou Lavwadlamerik pou yon kozri sou selebrasyon ane sa a. Pandan preske 30 minit yo te touche, antwòt, pwen sa yo:

-Istorik Jounen Entènasyonal Lang Kreyèl yo (JELK);

-Selebrasyon JELK rive sou 10èm edisyon li nan Washington/Maryland;

-Prezantasyon KOMALAK (Komite pou Avansman Lang ak Kilti Kreyòl ki baze nan Washington, D.C.);

-Pwogram 10èm Edisyon an.

-Patwonaj Pwogram nan: Anbasad d Ayiti nan Washington, Gouvènman Montgomery County (Maryland), Sant Rekreyasyon Bauer Drive, Antreprenè Rejyonal, elt….

Pwogram Facebook Live sa a te posib gras ak asistans teknik pwodiktè Arthur Jean-Pierre ak enjenyè Mike Franck.

Ane sa a KOMALAK envite yon chantèz ki gen gwo popilarite nan kominote a, Tatiana Denizard, ak Enjenyè-Jewològ Jocelin David -yo tou le 2 ap sòti nan Eta Florid. Chantè Jean-Claude Eugène, ki chame fanatik li yo mil fwa deja ann Ayiti e aletranje, ofri patisipasyon li tou nan selebrasyon lang manman ayisyen yo kote mizik, kuizin, literati, penti, fòlklò ak tout aspè kilti ak sivilizasyon Peyi d Ayiti ap prezan.

Randevou a se pou samdi 3 novanm 2018, avèk KOMALAK, ant 4:00PM e 9:00PM, nan Bauer Drive Community Center, 14625, Bauer Drive, Rockville, Maryland..

Deba sou Selebrasyon Lang Kreyòl la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:29 0:00

XS
SM
MD
LG