Accessibility links

Breaking News

Kowoperasyon ant Kore di Nò ak Kore di Sid


Chèf delegasyon Kore di Sid la Ryu In-chang,adwat ap bay tokay Kore di Nò li a Yoon Yong Geun lamen pandan rankont ki te fè sou aktivite vòlkanik 2 kore yo
Chèf delegasyon Kore di Sid la Ryu In-chang,adwat ap bay tokay Kore di Nò li a Yoon Yong Geun lamen pandan rankont ki te fè sou aktivite vòlkanik 2 kore yo

Savan peyi Kore di Nò ak Kore di Sid reyini madi 12 avril 2011 la pou yo pale de yon etid syantifik y ap fè ansanm sou posiblite pou genyen aktivite volkanik ak tranblemanntè sou montay ki pi wo sou Preskil Kore a.

4 savan pou chakenn nan 2 peyi yo rankontre nan vil Kaesong, sou frontyè ki separe 2 Kore yo pou yo pale de rechèch yo dispoze fè sou Montay Paek-dou, ki sou fwotyè preskil la ak Lachin.

Se 2èm rankont konsa ki dewoule ant 2 Kore yo, apre youn ki te fèt nan dat 29 mas pase a, nan vil Mounsan, nan Kore di Sid.

XS
SM
MD
LG