Accessibility links

Breaking News

Yon Atansyon Jeneral Santre sou Mwayen pou Bloke Devlopman Epidemi Kowonaviris la


Moun ki pote mask nan figi yo pou yo pa trape viris ki bay maladi COVID-19 la (kowonaviris) nan vil Sewoul, Kore di Sid, jedi 27 fevriye 2020 an. (Foto: REUTERS/Heo Ran).
Moun ki pote mask nan figi yo pou yo pa trape viris ki bay maladi COVID-19 la (kowonaviris) nan vil Sewoul, Kore di Sid, jedi 27 fevriye 2020 an. (Foto: REUTERS/Heo Ran).

Otorite lasante toupatou nan lemond fikse atansyon yo sou kesyon pou konnen ki kalte dispozisyon yo dwe pran pou yo bloke devlopman maladi kowonaviris la ki deja enfekte omwen 82 mil moun nan plis pase 40 peyi depi li te parèt nan Lachin nan fen mwa desanm 2019 la.

Lèzetazini ak Kore di Sid deside ranvwaye egzèsis militè yo ta pral fè ansanm e gouvènman ameriken an pibliye yon nouvo avètisman sou vwayaj kote li mande sitwayen li yo evite ale nan Kore di Sid, yon peyi ki rapòte pi gwo kantite ka viris la aprè Lachin jiskaprezan. Otorite sante yo nan Kore di Sid, ki t ap abòde dosye epidemi an jedi 27 fevriye a, fè konnen yo anrejistre 505 nouvo ka, sa ki fè total moun ki trape viris la nan peyi a monte rive mil 766.

Nan vil Jenèv, Peyi Lasuis, Wo Komisè Nasyon Zini pou Dwamoun nan, Michelle Bachelet, lanse yon apèl pou l mande tout moun evite fè diskriminasyon ki ta gen rapò avek viris la. Li deklare:

“Epidemi kowonaviris la pwovoke yon vag prejije nuizib kont pèp chinwa a ak moun ki gen orijin yo nan Azi Oryantal. Mwen lanse yon apèl bay tout eta-manm yo pou yo fè pi gwo efò posib la pou yo konbat tandans sa a ak tout lòt fòm diskriminasyon.”

Michelle Bachelet, Wo Komisè l'ONU ou Dwamoun ki t ap asiste yon sesyon nan katye jeneral Konsèy l'ONU pou Dwamoun nan nan Jenèv, Suis, jedi 27 fevriye 2020 an. (Foto: REUTERS/Denis Balibouse).
Michelle Bachelet, Wo Komisè l'ONU ou Dwamoun ki t ap asiste yon sesyon nan katye jeneral Konsèy l'ONU pou Dwamoun nan nan Jenèv, Suis, jedi 27 fevriye 2020 an. (Foto: REUTERS/Denis Balibouse).

Ozetazini, responsab yo kòmanse gen kèsote akoz posiblite pou viris la ta gaye pami moun ki pa janm vwayaje nan peyi kote maladi a deja egziste oubyen pou li ta devlope nan yon moun ki enfekte sèlman.

Daprè yon anons Sant Ameriken pou Kontwòk ak Prevansyon Maladi a (CDC) fè byen ta mèkredi 26 fevriye a, responsab yo anrejistre yon moun nan Eta Kalifòni ki trape viris la. CDC di kesyon ki poze kounyela a se pa èske kowonaviris la pral gaye Ozetazini, men pito kilè sa pral rive. Byen ta mèkredi tou, Prezidan Donald Trump te bay yon konferans pou laprès nan salon Brady a nan La Mezon Blanch kote li di li gen yon gwo konfyans nan le fèt ke gouvènman an pare pou li jere sitiyasyon an. Lidè ameriken pale tou de kreyasyon yon ekip espesysl pou dirije fason administrasyon li a ap jere dosye kowonaviris la -ekip sa a genyen nan tèt li Vis Prezidan Mike Pence.

Prezidan Donald Trump ki t ap deziye yon jounalis pou poze l kesyon, mèkredi 26 fevriye a, nan yon konferans pou laprès nan Salon Brady a, nan La Mezon Blanch. (Foto: REUTERS/Carlos Barria, Washington, 26 fevriye 2020).
Prezidan Donald Trump ki t ap deziye yon jounalis pou poze l kesyon, mèkredi 26 fevriye a, nan yon konferans pou laprès nan Salon Brady a, nan La Mezon Blanch. (Foto: REUTERS/Carlos Barria, Washington, 26 fevriye 2020).

Tandiske pandan lontan responsab yo te fikse atansyon yo sou kantite ka maladi a ki parèt nan Lachin (peyi kote yo kontinye anrejistre pi gwo chif yo ni pou moun ki trape viris la, ni pou moun li touye), kounyela a yo fikse atansyon yo plis sou ka yo anrejistre andeyò tèritwa nasyonal chinwa a. Semèn sa a yo anrejistre pou la premyè fwa pi gwo kantite ka maladi a nan lòt peyi ke anndan Lachin.

Direktè Jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS), Tedros Adhanom Ghebreyesus, fè konnen gouvènman yo atravè lemond dwe rete vijilan, menmsi genyen yon bès nan kantite nouvo ka yo. Li atire atansyon sou gwo siksè yo anrejistre nan 14 peyi kote yo pa rapòte okenn nouvo ka nan plis pase yon semèn, epi 9 lòt kote okenn nouvo ka pa parèt nan plis pase 2 semèn. Misye Ghebreyesus di:

“Objektif prensipal tout peyi kote yo anrejistre ka viris la ta dwe fè efò pou yo bloke pwogrè pwopagasyon maladi a.”

Dirijan OMS la ensiste sou gwo kèsote òganizasyon an genyen devan kantite ka yo anrejistre nan peyi Iran ak Itali kote viris la sòti pou l al enfekte moun nan lòt peyi. Nan jounen jedi 27 fevriye a, otorite iranyen yo anonse kèk nouvo ka ki fè kantite total moun ki enfekte yo montre rive 245 tandiske gen 26 moun ki mouri.

Pandansetan, Dannmak rapòte premye ka viris la nan menm jounen jedi a: se yon mesye ki fèk retounen nan peyi a aprè yon vwayaj ann Itali. Nouvèl sa a tonbe apre yo te anrejistre premye ka malady a o Brezil –swa premye ka tou nan Amerik Latin nan. La tou se yon moun ki fèk vizite Itali. Kèk nan lòt peyi ki antre sou lis nasyon kote yo konfime prezans viris la se Woumani, Lagrès, Nòvèj avèk Pakistan.

XS
SM
MD
LG