Accessibility links

Breaking News

Gwoup nan Sosyete a Ki Kouri Plis Risk pou l Trape Kowonaviris


Espesyalis lasante yo e pwofesyonèl mond medikal la an jeneral dakò pou di gen yon gwoup nan popilasyoon an k ap kouri yon pi gwo risk ke lòt gwoup yo pou yo trape KOVID-19, swa maladi kowonaviris bay la. E anpil moun ta renmen genyen detay.

Kowonaviris se yon nouvo maladi e gen enfòmasyon limite sou risk ki egziste pou yon moun trape yon fòm sevè maladi sa a. Si nou baze nou sou enfomasyon ki disponib kounyela a e sou sa yo rele“eksperyans ak konesans klinik”, nou ka di granmoun aje yo e tout moun an jeneral ki deja ap soufri ak kèk pwoblem medikal grav, se moun yo k ap kouri yon pi gwo risk ke rès popilasyon an pou yo trape maladi a. Nan gwoup sa a nou kapab mete:

* Moun ki genyen 65 kan ou ki pi aje toujou;

* Moun k ap viv nan yon mezon retrèt pou ti granmoun oubyen yon sant medikal kote yo sipoze resevwa swen pandan lontan;

Epi tout moun, kèlkeswa laj yo, ki genyen yon pwoblèm medikal grav –espesyalman si pwoblèm nan pa anba kontwòl. Kòm egzanp nou ka deziye:

  • Moun k ap soufii ak yon maladi poumon kwonik oubyen yon tip opresyon kèlkonk;
  • Moun k ap soufri ak yon maladi kè ki grav;
  • Moun ki gen yon sistèòm defans iminitè ki pa fonksyone kòmsadwa.

Anpil sitiyasyon konn lakòz sistèm defans iminite yon moun pa fonksyone byen. Pami sitiyasyon sa yo genyen tretman pou maladi kansè, fimen sigarèt, transplantasyon ògàn, pwoblèm iminitè, maladi VIH-SIDA ki mal kontwole, oubyen ankò yon itilizasyon pwolonje yon medikaman ki rele kòtikostewoyid oubyen lòt medikaman ki febli sistèm defans iminite yon moun.

Nap ajoute nan gwoup la tou:

  • Moun ki gen yon obezite grav (sètadi moun ki gen gwo vant anpil e ki peze plis anpil ke pwa nòmal li;
  • Moun ki gen maladi dyabèt;
  • Moun ki gen maladi ren kwonik e ki nan dyaliz;

Avèk moun ki gen maladi fwa

XS
SM
MD
LG