Accessibility links

Breaking News

Kesyon Pratik sou Maladi Kononaviris ou KOVID-19: Ki Kote Non an Sòti?


Yon espesyalis k ap fè rechèch sou yon vaksen pou maladi kowonaviris (KOVID-19) nan yon laboratwa konpayi Arcturus Therapeutics, nan vil San Diego, Kalifòni. Foto: REUTERS/Bing Guan, 17 mas 2020.
Yon espesyalis k ap fè rechèch sou yon vaksen pou maladi kowonaviris (KOVID-19) nan yon laboratwa konpayi Arcturus Therapeutics, nan vil San Diego, Kalifòni. Foto: REUTERS/Bing Guan, 17 mas 2020.

Youn nan kesyon moun ka poze sou maladi Kovid19 la -maladi kowonaviris bay la- se: Poukisa yo rele li maladi kowonaviris 2019 oubyen KOVID-19?

Nan dat 11 fevriye 2020, Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS) te anonse otorite yo gen yon non ofisyèl pou maladi a ki te deja pwovoke plis ke yon epidemi, men yon pandemi, puiske li te prezan nan divès pati jewografik sou planèt la apre yo te idantifye l pou la premyè fwa nan peyi Lachin, pi presizeman nan vil Wouhann. Depi jou sa a non maladi tou nèf sa a se “Maladi Kowonaviris 2019 (an angle: Coronavirus Disease 2019) oubyen an abreje “COVID-19”: “Co” pou Coronavirus; “V-I” pou Virus, “D” pou Disease, epi “19” pou ane li parèt la, swa ane 2019.

Pou responsab yo nan Oganizasyon Mondyal Lasante te chwazi non an, yo te baze yo sou yon metòd pratik OMS te deja adopte pou l nonmen yon nouvo maladi enfektyez ki frape limanite.

XS
SM
MD
LG