Accessibility links

Breaking News

Konsèy sou Fason pou Netwaye yon Sal, yon Kay oubyen yon Bilding Pandan Peryòd Kowonaviris la


Netwayaj pandan peryòd kowonaviris la.
Netwayaj pandan peryòd kowonaviris la.

Pou sa ki konsène maladi kowonaviris la, men kèk rekòmandasyon ki kapab ede redui riskpou anplwaye yon biwo oubyen yon biznis ak lòt moun tonbe malad apre responsab biwo oubyen biznis sa a fin fè netwaye oubyen dezenfekte kote a.

-1.- Chache wete tout ti moso kapèt oubyen tout kapèt la nèt nan sal la; konsa nesesite pou w vacuum planche a pral diminye;

2. Itilize vacuum ki sèvi ak filtè ki efikas anpil (espesyalis yo rele sa “filtè HEPA) si yo disponib nan zòn kote w ap viv la;

3. Pa vacuum yon sal, oubyen tout kay la oubyen ankò tout bilding nan pandan gen moun ladan l; rete tann sal la, kay la oubyen bilding nan vid anvan pou w vacuum li. Pou yon biwo oubyen yon biznis anpil moun frekante, rete tann nanuit; epi. w a fè sa pandan lajounen pou yon sal prive oubyen yon kay;

4. Se pou w chache etenn tout vantilatè oubyen èkondisyone ki nan sal la, nan kay la oubyen nan bilding nan, yon fason pou ti patikil k ap chape sòt nan vacuum nan pa sikile tout kote, sa ki ka ogmante chans pou moun ki respire lè a trape viris ki bay maladi kowonaviris la.

XS
SM
MD
LG