Nan kad konsèy Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) ap bay sou fason pou piblik la konpòte l pandan peryòd kowonaviris la, n ap retounen sou mwayen pou papa ak manman pitit yo ede timoun yo travèse peryòd la avèk mwens rezon posib pou kèsote.
Paran, sonje pou n bay timoun yo enfòmasyon ki di laverite e ki apwopriye pou laj yo ak nivo devlopman mantal yo. Fè timoun yo konnen gen kèk nouvèl sou maladi KOVID-19 la k ap sikile sou entènèt la ak medya sosyal yo ki byen kapab baze sou rimè ak enfòmasyon ki pa korèk. Li fasil pou yon timoun mal entèprete sa li tande; e, si li pa byen konprann yon bagay, sa kapab ba li kèsote.
Yon lòt kote, pou sa ki konsènen pwoteksyon kont kowonaviris la, yon paran gen devwa pou l montre pitit li yo mete an pratik sa ki rele “aksyon bon lijyèn chak jou yo” pou yo patisipe nan rediksyon pwopagasyon maladi a nan kominote kote y ap viv la. “Aksyon bon lijyèn chak jou yo” gen ladan yo nesesite pou timoun yo lave men yo souvan epi rete lwen moun k ap touse, k ap etènye oubyen ki malad. Raple yo tou si y ap touse oubyen etènye, se pou yo itilize yon klinèks oubyen koudbra yo, epi jete klinèks la nan poubèl.