Accessibility links

Breaking News

Konsèy sou KOVID-19. Kijan Paran yo Ka Ede Timoun yo (Suit)


Timoun ki mete mas nan figi yo pandan y ap jwe.
Timoun ki mete mas nan figi yo pandan y ap jwe.

Nan kad konsèy Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) bay pou ede piblik la konnen kijan pou l konpòte l pou l byen jere peryòd kowonaviris la, jodi a n ap wè sitiyasyon yon timoun ki genyen yon maladi doktè konsidere kòm yon ka espesyalman grav.

Yon timoun ki teste pozitif pou KOVID-19 e ki te deja genyen youn nan maladi doktè konsidere kòm maladi grav yo, se yon ti moun ki predispoze pou l devlope yon tip trè sevè, yon kalite trè konplike maladi kowonaviris la bay la. Pa egzanp, yon timoun ki deja genyen pwoblèm jenetik, newolojik, metabolik oubyen sa yo rele yon pwoblèm konjenital (sètadi yon pwoblèm sante ki te parèt sou li depi li te pran nesans oubyen yon pwoblèm moun eritye pa la ras, tankou maladi kè konsa oubyen ankò yon maladi ki febli sistèm iminitè li, ki redui kapasite kò a pou l defann tèt li kont mikwòb oubyen bakteri), se yon timoun k ap kouri gwo risk pou li devlope yon vèsyon grav maladi KOVID-19 la.

Youn nan konplikasyon KOVID-19 ka pwovoke lakay yon timoun konsa, se yon konplikasyon ki ra, men ki grav anpil: se yon maladi ki rele “sendwòm enflamatwa miltisistèm”. Lasyans medikal poko konnen kisa ki lakòz li ni ki kalite timoun ki plis ekspoze anba maladi sa a. Sepandan CDC ap fè rechèch sou li.

XS
SM
MD
LG