Accessibility links

Breaking News

Kous Elektoral Ameriken an ap Kontinye


Sondaj ki fèt avan eleksyon pou pòs palmantè ak gouvènè ki pral dewoule semèn pwochèn nan Ozetazini kontinye montre Pati Repibliken an twouve l nan pozisyon pou l ranpòte viktwa nan plizyè eta.

Daprè yon sondaj opinyon òganizasyon Rechèch Gallup fè, Repibliken yo byen plase pou yo pran kontwòl chanm depite a nan men Demokrat yo ki gen majorite a nan 2 chanm yo.

Repibliken yo bezwen 10 syèj pou yo gen yon majorite nan Sena a, men pifò analis yo predi yo kapab pa ranpòte kantite syèj ki nesesè pou yo pran kontwòl la nan Sena a.

Aktivite elektoral yo ogmante depi kèk jou deja isit Ozetazini kote 2 gwo pati politik yo ap eseye motive patizan yo pou yo vote an favè kandida chak pati yo.

Lendi 25 oktòb 2010 la, Prezidan Barack Obama te mennen kanpay nan eta Rhode Island ki nan Nòdès peyi a, tandiske premye dam nan, Michelle Obama, te mennen kanpay nan vil San Francisco ansanm ak prezidan chanm reprezantan an, Nancy Pelosi.

Prezidan Obama pral rekòmanse fè kanpay pou demokrat yo pi ta nan semèn nan. Tou lè 435 syèj nan chanm depite a ak plis pase 37 syèj nan sena a an je nan eleksyon lejislatif ki fikse pou madi 2 Novanm nan.

XS
SM
MD
LG