Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Etazini Divize Sou yon Gwo Dosye Zam


Saudi female firearm trainer, Mona Al Khurais, teaches a Saudi boy on safe usage of weapons at the Top-Gun shooting range in Riyadh, Saudi Arabia, October 28, 2021. Picture taken October 28, 2021. REUTERS/Ahmed Yosri
Saudi female firearm trainer, Mona Al Khurais, teaches a Saudi boy on safe usage of weapons at the Top-Gun shooting range in Riyadh, Saudi Arabia, October 28, 2021. Picture taken October 28, 2021. REUTERS/Ahmed Yosri

Èske Ameriken yo gen dwa pou yo kite kay yo avek zam pou pwòp pwoteksyon yo? Sa se yon kesyon ki divize Kou Siprèm lan. Pandan yon odyans Mèkredi 3 Novanm 2021 kesyon sa fè anpil pale anpil.

Sou nèf jij nan kou Siprèm lan, gen sis nan yo ki se Konsèvatè. Yo te fè yon deba pandan o mwen de zè'd tan sou yon lwa nan New York ki te etabli depi 1913, ki pa bay moun dwa pou pote zam andeyò kay yo.

2 moun ki gen zam te wè pèmi yo te genyen anile, Asosyasyon Nasyonal Zam a Fe Ameriken an (NRA) mande Tribinal Siperyè a pou li anile lwa silaa paske ki ampeche moun pote zam andeyò lakay yo. "Pote yon zam andeyò lakay ou se yon dwa konstitisyonèl ak fondamantal," deklarasyon Paul Clement yon avoka .

Yo te resevwa gwo sipò nan men jij konsèvatè Samuel Alito, ki te lage yon pledwaye an favè dwa moun yo genyen pou yo pote zam yo avek yo. Daprè Alito pi fo moun onèt e y ap travay nan mitan lannwit, kòm gardyen, oswa enfimyè, yo gen bezwen pou yo ame tèt yo pou asire sekirite yo.

Nan yon peyi kote zam touye anviwon 40,000 moun pa ane, twa jij pwogresis yo te opoze demann sila.

Majistra yo te diskite sou kritè ki ta ka pèmèt yo defini ki "kote sansib" pou moun pa mache a zam yo, tankou pa egzanp entèdi zam nan tren, stad foutbòl Ameriken oswa plas Times Square la nan Nouyok.

XS
SM
MD
LG